Batay Ouvriye: Nòt Pou Laprès

BOLeta reyaksysonè-a kontinye ap mare sosis li ak boujwazi anti nasyonal, anti popilè-a pou toupizi mas popilè yo. Malgre lachanm vote 200 goud kòm salè minimòm lan, magouy konbinezon, dilatwa politik kontinye ap marinen sou do travayè, ouvriye ak ouvriyèz pou bloke lwa-a. Le 10 dawou ki sòt pase la-a, 10.000 ouvriye, etidyan, mele ak divès lòt sektè popilè nan sosyete-a pran lari pou egzije otorite yo pibliye lwa sou 200 goud-la san kondisyon. Leta ak gouvènman fè apèl ak tout fòs represif yo pou maspinen, arete e boure nan prizon etidyan ki t’ap mande pasifikman aplikasyon 200 goud  salè minimòm lan onon lwa kòd travay peyi-a. Nap fè sonje 200 goud-la se pa youn favè gouvènman ap fè ouvriye yo, men  youn dwa ki marinen ak kòd travay peyi-a. Se poutèt sa, Rezo Solidarite ak Batay Ouvriye, KOPA akMAS deside mete sou pye youn ansanm aktivite pou kore batay kòryas sa-a.Oganizasyon sa-yo ap plante pikèt devan konsila Miami ak New York jou k’ap 19 dawou-a sòti midi pou 2 zè nan apremidi, pou yo denonse  e voye youn mesaj klè bay otorite yo, pou n’di yo noumenm deyò peyi-a, nou sipòte san rezèv salè minimòm 200 goud- la. Viv Lit Ouvriye yo

Viv 200 goud-la Kòm Salè  minimòm.

Rezo Solidarite Ak Batay Ouvriye

KOPA [Komite Otonòm Pwogresis Ayisyen]

MOS     {Miami Otonòm ak Solidarite}